Yon ti koutje sou komès elektwonik lòtbò dlo tankou an Ayiti

ESPAS DWA
Juritechno
Présenté par  Jems GEDEON
fb, twitter @juritechno, http://www.facebook.com/koutyepaw

Bonjou / bonswa tout moun,
Nan espas dwa jounen jodi a, nou pote pou tout zanmi kap swiv nou yo, yon ribrik sou « Komès elektronik ».

Nou konnen li trèzenpòtan pou n fè ti koze sa ak ou paske anpil nan nou jodia touche pa mache sa ki se yon kokennchenn espas kote kòb ap bwase epi ki alafwa gen avantaj ak enkonvenyan li.

Nap kòmanse pa di kisa komès elektronik lan pa ye :
– Li pa yon teknoloji oubyen yon nouvèl teknoloji
– Li pa yon espas fizik kote yo ka ekspoze machandiz
– Li pa nonplis yon fenomèn

Kisa li ye reyèlman ?
– Se yon konsèp komèsyal, ekonomik ki eksplwate teknoliji
– Li se yon espas vityèl kote yo ekspoze yon katalòg ki ofri byen ak sèvis

Kounye a nou pral baw definisyon OCDE bay pou komès elektronik. O C D E ki se Organisation de Coopération et de Développement Économique, nan lang franse.

Selon OCDE « komès elektronik lan oubyen « e-commerce » nan lang anglè se vant oubyen acha byen oubyen sèvis ki fèt pa yon antrepriz, yon patikilye, yon administrasyon oubyen tout lòt antite piblik ou prive kote aktivite sa yo reyalize alèd de yon rezo elektronik. »

Definisyon sa montre n ke gen plizyè kategori bizniz ki entèvni, tankou :
Patikilye ( konsomatè), antrepriz, administrasyon ki kapab piblik oubyen prive.

Sa ki entèrese nou nan definisyon sa se premyèman aktivite yo nou wè ki pa nouvo, dezyèmman mwayen pou reyalize yo a ki imateryèl.

Aktivite sa yo ka fèt a pati de yonn nan fason sa yo :
1- Echanj elektronik ant biznis. Sa yo rele nan lang angle B2B ki se yon akronim anglè ki vle di Business to Business.
2- Komès elektronik ki vize konsomatè oubyen B2C ki vle di Business to Consumer
3- Komès elektronik ant patikilye (konsomatè) oubyen C2C ki vle di Consumer to Consumer
4- Echanj elektronik ant biznis ak gouvènman oubyen ak administrasyon (B2G ou B2A), tou 2 siyifi lendèyèlòt : Business to Government epi Business to Adminstration

Pami prensipal byen ak sèvis ki vann sou entènèt ak konsomatè yo nou ka jwenn :
– byen kiltirèl yo tankou liv, cd, dvd
– materyèl enfòmatik tankou Hi-Fi, video, foto
– sèvis sektè touris ak lwazi tankou sejou, vwayaj, lokasyon, biyè bis, avyon oubyen tren
– byen konsomasyon chak jou yo tankou rad, mèb, ekipman pou kay, jwèt elatriye.

Nou jwenn tou anpil sistèm vant ki espesyalman makonnen ak entènèt tankou :
– devlopman fotografi nimerik
– telechajman mizik
– vant ozanchè ant patikilye
– lokasyon dvd sou entènèt

Anfen anpil biznis propoze plizyè sèvis sou nèt la pou lajan oubyen gratis tankou : Bank an lin, Asirans an lin ou laprès an lin.

Nap wè yon lòt aspè nan domèn nan ki se fonksyon esansyèl komès elektronik lan. Fonksyon sa pote non « Piblisite oubyen Reklam ».

Ant pwofesyonèl yo piblisite yo òganize alèd de kontra ki fèt nan lide pou asire vizibilite sit machann yo. Nou ka rele fòm piblisite sa yo « Piblisite non agresiv ». Men vizavi konsomatè yo, piblisite yo fèt pa yon ansanm teknik ki plizoumwen agresiv sou sit entènèt yo tankou bandròl kap limen etèn (banderoles clignotants) oubyen kap defile, lyen komèsyal oubyen tout lòt kalite enfomasyon ki monte sou paj ou nenpòt kòman. Men pliblisite sa yo ka rive jwenn yon moun tou pa mesaj elektronik sou fòm « Spams » oubyen « pourriels ».

Nan ka sa enstans entènasyonal yo ak peyi loksidan yo pran yon ansanm de mezi pou frennen fòm de vyolasyon espas prive entènaut yo ki pa kadre ditou ak respè dwa moun. Mezi sa yo pran nan batay ke yo livre kont « Spamming » oubyen « Pollupostage » ki se sitèm anplas pou pwodui fòm mesaj sa yo.

Ann fè yon ti koze kounyea sou batay sa ki tanmen kont sistèm « Spamming » lan
Nap reprann pou ou sa ki rele « spam » nan : Se yon ansanm de mesaj endezirab sa vle di mesaj ke w pat swete, panse, mande pou resevwa, ki parèt sou bwat mesajri elektronik ou san konsantman preyalab ou. Ou ka jwenn mesaj sa yo sou fòm tèks, imaj, video oubyen tou lè twa anmenm tan. Mesaj sa yo anpil nan yo gen karaktè dezoblijan, endesan oubyen pònografik. Se sak fè, gen yon ansanm de mezi ki pran pou reglemante sistèm sa.

Reglemantasyon pou batay kont sistèm spam nan anvizaje nan 2 apwòch :
Youn ke yo rele « opt-in » epi yon lòt ke yo rele « opt-out »

Apwòch « opt-in » nan vle di britsoukou « opter pour » nan lang fransè. Li ale nan sans pou proteje done pèsonèl itilizatè yo. Mezi sa favorab plis pou itilizatè yo. Apwòch sa prevwa ke yon Pwosptektè, sa vle di moun oubyen biznis ki pran inisyativ voye fòm mesaj sa yo, pa ka voye yo san konsantman preyalab destinatè yo. Konkrètman, apwòch sa oblije pwospektè yo jwenn, anvan menm ke yo voye yon mesaj, konsantman destinatè oubyen entènot la pou l ka resevwa piblisite sou bwat kourye elektronik li oubyen imel li.

Nan sans sa Linyon Eropeyèn adopte apròch opt-in nan, nan yon derektiv no 2002/58 nan dat ki te 12 jiyè 2002 a. Nan direktiv sa-a nou jwenn prensip konsantman pryelab la ke nou sot pale de li piwo a.

Apwòch « Opt-out » la li menm vle di tousenpleman « opter contre ». Li bon plis pou Prospektè yo. Prensip sa pèmèt ke entènot yo resevwa fòm mesaj « spam » yo si yo pat janm opoze. Nan peyi ki gen modèl « opt-out » la, si entènot yo pa opoze, sa vle di yo aksepte resevwa mesaj spam yo. Prensip sa ale nan sans dikton fransè ki di : « qui ne dit rien consent ». Pou entènot la ka opoze li dwe voye yon opozisyon bay Pwospektè a oubyen enskri tèt li nan yon rejis opozisyon ki fèt pou sa.

Yonn nan peyi ki adopte apwòch « opt-out » la se Etazini Damerik nan yon lwa apa ke yo rele « CAN-SPAM Act » ki vle di : Controlling the Assault of Non-Solicited Pornography And Marketing Act. Lwa sa sòti jou ki te 1er janvye 2004 la. li fè obligasyon ak tout Spamè pou idantifye yo aklè sou pèn amand oubyen prizon ( jiska 5 lane).

Annou rantre kounye a nan manman kesyon an ki se reglemantasyon komès elektronik lan menm
Menm jan mache tradisyonèl la ki gen yon ansanm de lwa, akò entènasyonal ak koutim ki jerel, komès elektronik lan tou antre nan menm chema sa. Men espesyalis yo remake ke gen yon eleman ke dwa klasik la pa sezi nan nouvo mache sa ki kreye a, se karaktè elektronik lan. Nan sans sa yo oblije pwopoze tout peyi kèk modèl pou pèmèt sistèm jiridik yo reponn ak ekzijans mache sa ki fleksib epi ki glise tankou lanmouch.

Annou fè yon kout pye nan Loni (ONU)
Premye inisyativ Loni ki se Òganisasyon Nasyonzini pran se pibliye kèk rekomandasyon. Se Komisyon nasyonzini pou dwa komèsyal entènasyonal la (Commission des Nations Unies pour le Droit Commercial International) (CNUDCI) ki te ekri yo. Rekòmandasyon sa yo te fèt nan lide pou pote yon valè jiridik ak tout anrejistreman enfòmatik epi pèmèt yo aksèpte dokiman enfòmatik yo nan tranzaksyon entènasyonal yo.

Menm komisyon sa pral vin adopte 2 tèks enpòtan. Tèks sa yo se :
1- Lwa-tip sou zafè komès elektronik la ki soti nan dat ki te 16 desanm 1996 la.
2- Lwa-tip sou siyati elektronik ke yo adapte nan dat 5 jiyè 2001.

Lwa sou komès elektronik la pa genyen yon karaktè rondonmon sa vle di li pa enpoze pyès peyi sa l rekòmande yo men rekòmandasyon sa yo enfliyanse anpil peyi jiskaske yo menm yo fè jefò adapte lejislasyon yo nan menm lojik rekòmandasyon sa yo. Egzanp : Singapour. Genyen kèk enstitisyon ki konsidere lwa sa tankou yon referans (norme de fait).
Lwa-tip sou siyati eletronik lan li menm bay tèt li kòm objektif pou defini yon ansanm de règ sou fason nap itilize rezo enfòmatik yo (règles de bonne conduite informatique), kòm kwa yon moun ki ta bliye oubyen ki ta neglije verifye fyabilite yon sistèm enfòmatik anvan menm li angaje l ap sibi dirèkteman enkonvenyan oubyen konsekans pwòp neglijans li.

Peyi ki nan Linyon Ewopeyèn yo gen 2 gwo zouti ki entèrese komès elektronik lan :
1- Direktiv 1999/93 sou siyati elektronik
2- Direktiv 2000/31/CE sou komès elektronik la.

Direktiv 1999/93 la gen 2 objektif : premyèman li rekonèt jiridikman tout siyati elektronik. Dezyèmman li etabli yon kad jiridik pou aktivite tout prestatè sèvis sètifikasyon yo.

Direktiv 2000/31/CE a li menm kreye anndan mache ki fòme nan Linyon an yon kad reglemantè ki garanti sekirite jiridik tout biznis ak konsomatè yo. Li etabli yon ansanm de prensip kif è yon sèl sou anpil kesyon tankou : li egzije tout moun ou biznis kap founi sèvis an liy pou gen transparans epi pou bay enfòmasyon sou fason yap evolye. Règ sa yo tou konsène kominikasyon komèsyal. Tout kontra elektronik yo epi limit responsabilite Prestatè entèmedyè yo.

Kòman Leta ayisyen jere kesyon sa nan limit tèritwa l la epi sou plan entènasyonal ?
Ayiti se youn nan peyi ki toujou alamòd. Ou toujou tande non l site nan tout sa ki nouvo depi se pou l ka fè yo wèl. Se tankou peyi a satisfè sèlman depi li la men li pa janm eksplwate alamòd li an pou pèmèt li vanse.

Depi lanne 1995, Ayiti deplwaye premye koneksyon entènèt li, menm lè ak Repiblik dominikèn. Popilasyon ki te an mezi pou itilize zouti sa te bat bravo lakontantman. Se te yon bèl eksplwa pou Gwoup Kwasans (Goup Croissance) lè l te lanse premye edisyon « Infotel » la.

7an apre, Repiblik dominikèn pran yon lwa sou siyati elektronik ki konsidere kòm premye pa nan kreyasyon yon kad sekiritè pou pwoteje biznis ak konsomatè l yo. Nou menm sa pa janm yon sousi pou nou tankou nou konfòtab nan tout deblozay kap fèt nan domèn nan. Anpil konpayi vini yo fè sa yo vle sou mache a, pèsòn pa ka pousuiv yo paske pa gen yon kad legal. Tout koukouy klere pou jew.

Depi 1995, se nan lane 2016, 21 an apre, gen yon dekrè ki soti sou siyati elektronik (29 janvye 2016). Dekrè sa mal fèt. Gen ijans si nou konsidere fòs aktivite sa yo epi avèk vitès lap fèt an Ayiti. Sou plan entènasyonal nou pa ka atire envestisè etranje yo epi konpayi ki ka pèmèt jènn yo travay ak pwòp tèt yo sou entènèt. Sitiyasyon sa andikape devlopman peyi a epi mete nou dèyè nèt nan peyi ki siyatè nouvo angajman Loni pran pou atenn tout objektif yo fikse tèt yo pou 2030 ka gen yon mond meyè kote tout ti peyi yo ta dwe gen yon vrè chanjman ki fèt pou yo ka pran kap devlopman dirab la.

Se te espas dwa avèk Maitre Jems GEDEON.

Pou ka gen plis enfòmasyon epi siw bezwen reyaji, rejwenn nou sou http://www.facebook.com/juritechno ou http://www.facebook.com/koutyepaw epi sou twitter@juritechno.

@ très bientôt pour une autre édition de « JURITECHNO » !

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l’aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s